Overblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog

Le Monde du Sud// Elsie news

Le Monde du Sud// Elsie news

Haïti, les Caraïbes, l'Amérique Latine et le reste du monde. Histoire, politique, agriculture, arts et lettres.


Douz (12) Prensip Bwa Kayiman. Yon tèks Pierre Michel CHERY

Publié par siel sur 28 Août 2012, 10:50am

Catégories : #CULTURE

Ce texte en créole définit, selon l'auteur, 12 des principes érigés à Bois Caïman sur lesquels serait fondée la nation haïtienne. Les esclaves de cultures et d'origines diverses se seraient accordés pour créer un ensemble cohérent  à partir de ces principes  qui représenteraient  la genèse de la formation du peuple haïtien en tant qu'entité culturelle.

C'est ma propre interprétation de ce texte, qui me rappelle les principes de philosophie des Dogon-  l'auteur s'en serait-il, peut-être, inspiré ?

Il me rappelle également l'ensemble des expériences vécues dans la campagne haïtienne-je dois préciser dans la Grand'Anse particulièrement- où il me semble que la majorité des gens appliquent ces principes. Il me semble aussi que ce serait  grâce à ces principes que la société paysanne  haïtienne a pu se réguler, malgré  qu'elle ait été laissé à elle-même par l'Etat.

Un dernier truc.  Cette phrase m'a fait  franchement plaisir : "Nan ane 1791, mawon yo pran dispozisyon pou yo te trase yon lòt modèl lavi."

Je pensais être la seule à voir les choses ainsi.

J'étais particulièrement en pétard  par rapport à  l'emploi  négatif du mot marron par Leslie Péan VOIR L.PEAN chronique

de son utilisation constante et répétitive du terme "Etat marron" pour signifier Etat irresponsable.


En effet, cette assimilation de marron à irresponsable reprend, précisément, le point de vue de l'esclavagiste pour lequel un Marron était un paresseux  fuyant ses responsabilités de travailler comme esclave en choisissant la liberté. C'est un peu tordu comme manière de voir les choses, mais c'était celle de l'esclavagiste qui voyait son outil de travail, qu'il avait acheté bien cher, lui échapper. C'est incompréhensible pour moi que quelqu'un qui dit s'inscrire dans la lutte contre l'aliénation, fustige le bovarysme, puisse se retrouver cette même logique de stigmatisation du Marron que l'esclavagiste. Ca me dépâââsse...!!!

De plus, quand L. Péan opère cette assimilation, il semble ignorer l'organisation plutôt rigoureuse, très disciplinée, étant donné que c'était une question de vie et de mort, des sociétés de Marrons.

Les sociétés de Marrons du Surinam étaient si organisées qu'elles avaient construites des villes dans les marécages, comprenant même des maisons à 2 étages, selon le témoignage du capitaine Stedman,  militaire hollandais faisant partie du corps expéditionnaire chargé de les  liquider, qui a tenu un journal relatant ses expéditions. Nous avons d'autres exemples plus connus, tels que Zumbi au Brésil, qui était à la tête d'un mini état de Marrons. Il y a ceux du Mexique qui se sont métissés avec des Indiens, ceux du Venezuela etc. A chaque fois à l'inverse de ce que dit Péan, on a des sociétés riches culturellement : musique, sculptures, peintures, tissage, vanneries; une agriculture développée, un habitat harmonieux, une gestion de l'espace écologique. Donc tout l'inverse de ce que dit Péan.

Il semblerait que Péan ne soit pas au courant de l'état d'organisation de ces sociétés,  de leurs cultures et de leurs organisations socio/politiques et économiques, ce pourquoi il accole marron à Etat pour signifier  le désordre et l'irresponsabilité. Dommage, parce qu'il persiste djanm dans l'erreur.


VOICI le texte :

Et Si yon moun bezwen konprann sosyete ayisyen an nan fondalnatal li, li pa ka mete tradisyon peyi a sou kote. Mas esklav ki te fè 1791 ak 1804 yo pa t konn ekri. Se nan pale youn ak lòt, yo te kase randevou. Se nan pale youn ak lòt, youn te esplike lòt demach y ap fè pou yo te retire kò yo anba sistèm esklavajis la. Se nan kesyonnen sistèm esklavajis la yo te aprann diferans yo. Se nan aprann diferans ak lòt posiblite lavi a te ka ofri, yo te chwazi vizyon pa yo, yo te chwazi wout pa yo, wout ki pa t ale nan menm direksyon ak wout kolon yo, yo te konstwi vizyon yo sou lavi a - vizyon ki te depaman ak vizyon kolon yo. Lè nou gade peyi a nan tan lakoni, nou jwenn plis pase 100 gwoup esklav diferan, ki divize ant nanchon ak tribi. Premye eleman ki te simante mas esklav yo, se kondisyon esplwatasyon ak demounizasyon yo t ap viv nan sistèm esklavajis la

Dezyèm eleman ki te simante mas esklav yo ansanm, se enposiblite pou esklav yo te wè lavi a menm jan ak kolon yo. N ap repete l. Se nan pran konsyans yo pa ka wè lavi a, yo pa gendwa wè kòsmòs la menm jan ak kolon blan yo. Esklav yo te antre nan demach pou yo chape anba men kolon yo. Nan moman sa a, mawon yo te reprezante konsyans avanse esklav yo. Demakasyon sa a te vle di ideyoloji blan yo (krisyanis, ewopeyen, rasis) pa gen priz sou sèvo moun ki pa kwè nan sa blan kwè. Premye kase chenn nan te fèt nan sèvo mawon yo, ki te pito pran mòn pase pou yo te asepte kondisyon sistèm nan.

Anpil prensip Ayisyen ap viv, anpil regleman Ayisyen jwenn sou fason pou yo òganize lavi yo sòti nan demakaj esklav yo fè, etan, epi anvan menm yo te kase chenn yo nan ane 1791.
Konsa nou ka konprann lagè militè a deklanche, ak tout nivo li dwe pran, nan ane 1791, men lagè ideyolojik la te kòmanse apati premye jou mawon yo te bati yon peristil anndan koloni an. Apati moman sa a, mawon yo pral pran distans yo ak vizyon blan yo. Avèk demach sa a, mawon yo pral vini ak pwòp vizyon pa yo sou tout kesyon ki regade lavi moun.

Se konsa, nou ranmase 12 nan pi gwo prensip ki rete vivan nan tradisyon Ayisyen pou nou montre ki baz ideyolojik ki te mennen Bwa Kayiman, epitou ki vizyon lavi ki t ap pale nan seremoni sa a. 12 prensip sa yo, se 12 repons dirèk, 12 repons ki depaman ak lide ki t ap sikile nan epòk la sou lavi an jeneral. Bwa Kayiman gen plis pase 12 prensip. Chak Ayisyen andwa chwazi ki lòt prensip li jije ki pi enpòtan pase sa nou bay la yo, men se pou tout eritye nèg Bwa Kayiman yo fè sa yo konnen pou tout limanite aprann konnen ki vizyon ki te motive yon gwoup esklav, lè yo te pete yon rèl ki fè lanfè lakoloni an tranble. Jouk jounen jodiya, n ap viv soukous kout rèl sa a.

Premye prensip, ki sèvi baz pou kèlkeswa lòt prensip, k ap vini se kòmandman nimewo 1 an:
Premye prensip: Tout moun se moun. Pa gen moun pase moun.

Prensip sa a se pi gwo prensip ki mennen oubyen ki sòti nan Bwa Kayiman. Annik sonje depi Kristòf Kolon te fè dappiyanp sou tè Endyen yo, nan ane 1492, Loksidan te envante tout kalite teyori pou klase moun dapre koulè po yo. Lè yon mawon te pran mòn, kolon an di se yon esklav parese... Lide sa yo te si tèlman fò nan tan lakoloni, pèson pa te ka admèt se paske mawon yo te kwè: tout moun se moun, epi pa gen moun pase moun, ki fè yo te derefize kondisyon esklavay la. Prensip sa a, ki sòti nan goumen kont lesklavay, travèse tan (plis pase 200 ane) pou li rive jwenn nou jounen jodiya. Prensip sa a tounen youn nan pwovèb Ayisyen plis sèvi pou denonse move tretman ak mepri pou moun, kèlkeswa kote y ap viv la. Nan pifò sosyete sou latè, se nan redi, se nan goumen, se grenn pa grenn, moun ap admèt yon prensip ki di: «Tout moun se moun. Pa gen moun pase moun»

Dezyèm prensip: Tout moun gen plas yo anba syèl ble a.

Si gen yon prensip ki sòti dirèkteman nan tradisyon Bwa Kayiman, se prensip tout moun gen plas yo anba syèl ble a. Tradisyon rapòte, dapre pwofesè Dyengele, lè pou yo te fè seremoni Bwa Kayiman an, reprezantan esklav yo ak mawon ki te nan tèt mouvman an te mande pou tout nanchon, ki te gen pitit yo nan mitan mas esklav yo te voye reprezantan yo nan rankont ki t ap fèt la. Tout moun fèt pou la, nou pa dwe bliye pèson. Se leson sa a nou ranmase nan dezyèm prensip Bwa Kayiman yo. An Ayiti, temwayaj sa a toujou (rete) vivan, nan salitasyon yo fè, nan kòmansman tout seremoni vodou, pou chak nanchon afriken, ki kite tras yo sou tè peyi Ayiti.

Twazyèm Prensip: Si gen pou youn gen pou de. Sonje moun ki dèyè.

Èske prensip sa a sòti depi nan Bwa Kayiman? Nou pa kwè sa. Sa nou sèten, twazyèm prensip la, se youn nan prensip, ki pi vivan nan lavi pratik nan mitan fanmi ak nan vwazinay anndan peyi a. Filozofi prensip sa a di nou konsa latè se pou tout moun paske tout moun gen plas yo anba syèl ble a. Pou tout moun ka viv anba syèl ble, anvan yon moun sonje sere, se pou l sonje gen moun dèyè ki poko jwenn.

Katriyèm Prensip: Chak moun gen fason pa li pou li lapriyè. Respekte fason chak moun lapriyè…

Prensip sa a mete baz pou yon sivilizasyon tounèf kale anndan espas mawon yo pral reklame pou yo viv an libète tankou moun ak tout diyite yo. Prensip sa a parèt ak yon kokennchenn demakasyon metodolojik radikal, san parèy, ant de (2) sistèm ideyolojik.

Pou ki rezon demakasyon an radikal? Anndan espas oksidantal la, tankou nan espas lòt sivilizasyon, gendwa gen plizyè kouran ideyolojik sou rapò moun ak kòsmòs la, sitou sou koze Bondye. Menmsi gen plizyè kouran, chak kouran, chak kan, chak klik toujou bliye si se imajinasyon lèzòm k ap konstwi pwòp konpreyansyon yo sou mistè nan lavi a yo poko pèse. Yo bliye si esplikasyon yo jwenn yo sòti nan istwa lavi yo, nan kilti ak eksperyans yo, nan kalite espas y ap viv la. Konsa chak kouran deklare se li sèl ki nan laverite. Nou remake chak fidèl anndan yon relijyon ap di: «Relijyon pa m pi bon ». Lè youn nan kouran yo pa ka toufe lòt kouran an, se koutzam ki regle kesyon an. Anndan espas sivilizasyon «pa m pi bon yo» (kretyen, mizilman), pa ka gen respè pou ladiferans. Konsekans: moun pa janm sispann mouri pou granmesi sou kont Bondye. .

Lòt rezon ki fè demakasyon an radikal? Chak kouran nan sivilizasyon pa m pi bon yo ap reklame verite a pou yo, konsa yo sètoblije wè lavi tankou yon lesefrape ant de (2) kan: kan verite kont kan manti, kan Bondye kont kan Satan, kan limyè kont kan fènwa. Sivilizasyon pa m pi bon yo bay tèt yo dwa pou yo kondane tout sivilizasyon ki pa kadre ak «verite» pa m pi bon an. Yo pa ka imajine ka gen sivilizasyon kote moun ka wè lavi a yon fason yo menm yo pa te konnen. Se kokennchenn demakasyon sa a Bwa Kayiman an demontre. Si Bwa Kayiman pa te voye prensip pa m pi bon yo jete, jounen jodiya, nou t ap wè desandan yon etni afriken ap goumen ak desandan yon lòt etni poutèt youn pa wè lavi a menm jan ak yon lòt.

Olye Bwa Kayiman brase tout kwayans esklav yo, fè yo fè yon sèl, olye li fè yon kouran monte sou tout lòt yo, li envante zouti metodoloji pa li. Zouti sa a pèmèt li kreye yon matris kote kèlkeswa tradisyon afriken, oubyen, kit li te la nan Bwa Kayiman, kit li pa te la, ka parèt san pa gen pyès lòt tradisyon k ap batay pou toufe l. Moun Lavale Jakmèl konn istwa Bònsante, moun Mawouj Nòdwès konn istwa Mawometan…

Sou plan lojik fondalnatal, Bwa Kayiman eskive lojik youn kont lòt (esklizyon: mete moun sou kote) pou li pouse lojik youn plis lòt devan (enklizyon: kite plas pou tout moun). Se chwa sa yo, ki fèt depi nan Bwa Kayiman, ki pèmèt yon Ayisyen sèvi lwa etan li pral pran lakominyon, san li pa gen santiman li merite al nan lanfè pou sa. Ak yon lojik konsa pa ka gen nesesite pou yon eritye Bwa Kayiman ap mache di pa m pi bon, ale wè pou li t ap pèsekite yon lòt pou kwayans li.

Dapre tradisyon peyi a, chak nanchon afriken, ki te gen pitit yo anndan peyi a, kite yon eritay pou pitit peyi a. Nou ka wè sa nan fason vodou a ranje lwa (lespri), ki te travèse lanmè ak Afriken yo nan fon kal batiman pou li mete youn an amoni ak lòt (dapre jan yo te konprann travay lwa sa yo nan espas kote yo te sòti an Afrik la). Se sa nou rele matris pou yon sivilizayon tounèf. Prensip la vin ak yon konsepsyon nèf sou rapò moun ak Bondye. Sèl fason pou yon moun jije yon relijyon, se sou satisfaksyon chak moun jwenn nan relijyon yo. Konsepsyon sa a pa ka akòde ak lojik sivilizasyon pa m pi bon yo.

Senkyèm Prensip: Sa nou pa konnen pi gran pase nou.

Prensip imilite devan sa nou pa konprann. Prensip respè pou lòt fason moun ap viv, respè pou lòt fason moun konprann lavi a, fason ki depaman ak sa nou abitye. Respè pou eksperyans nou pa viv. Anpil fenomèn (èske marasa konn mare moun?), nou tande nan bouch moun sèlman, gendwa posib anndan yon sivilizasyon, epi li enposib anndan yon lòt. Pèsonn pa ka di li okouran tout regleman ki fè kòsmòs la ap vire. Lavi moun ap viv, kèlkeswa tan an, kèlkeswa kote a, se youn nan latriye eksperyans yon sivilizasyon te ka fè. Nan peyi Tibèt nan Nò Lachin, mwàn (pè) nan monastè boudis pa t ka imajine gen regleman nan lanati ki ka pèmèt moun rale dlo nan vale fè yo monte sou tèt mòn. Konsa tou, anndan Ayiti menm gen moun ki ka sezi tande gen doktè fèy ak oungan ki ka fè yon gwosès kanpe, epi pou yo fè l kontinye nòmalman apre. Nou ka bezwen konnen, men nou pa gendwa di sa pa ka fèt. Nou fèt pou nou admèt sèlman gen anpil posiblite nan egzistans lan ki pa pase devan je nou. Nou pa viv esperyans sa yo.

Apre sa, se yon envitasyon pou moun grandi nan chache lakonesans. Tank yon moun ap aprann, se tank l ap dekouvri pi devan gen lòt fenomèn nan lavi a ki mande pou moun gen plis respè toujou sou fenomèn lavi a. Se nan aprann n ap dekouvri lasajès.

Youn nan gwo gwo mo ki egziste nan sosyete ayisyen an se «pwofonde». Pwofonde nan lakonesans! Klas dominan yo nan peyi a fè tout sa ki posib pou lakonesans pa blayi anndan sosyete a. Egzanp: Depi 1950, lasyans admèt lang manman yon moun se pi gwo zouti pou li aprann. An Ayiti tout reskonsab edikasyon konn sa, men yo pito annile moun nan fè yo fè jakorepèt nan repete leson fransè yo pa konprann. Youn nan rezon yo pi fasil repete se: «Lè yon moun pati sa li pral fè ak kreyòl la?» Kòmkidire sosyete a ap prepare moun pou yo kite peyi a.

Apre sa, fòk nou rekonèt mo pwofonde a mare ak kesyon mistik, akoz 1) enpòtans sosyete ayisyen an bay aspè mistik la nan vodou a; 2) epistemoloji se yon branch nan filozofi ki etidye tout kalite rapò lakonesans genyen ak yon epòk oubyen ak yon sosyete. Nan epistemoloji vodou a nou jwenn sèten konesans rezève sèlman pou moun ki inisye, k ap pran degre. Si nou ouvè senkyèm prensip la pou tout Ayisyen, fòk nou laji mo pwofonde a, pou nou dekouvri se nan tout kesyon lavi a pou Ayisyen pwofonde, nan chache lakonesans.

Sizyèm prensip: Nan pwen anyen nan lavi a ki pa gen regleman. Se regleman ki bay lavi a ekilib.

Nan ane 1905, (Albert) Einstein dekouvri lwa sou relativite jeneral. Si gen lwa sou relativite jeneral, se paske tout sa ki egziste nan kòsmòs la ap vire youn akote lòt, akoz fòs youn k ap peze sou fòs lòt, pou youn rale lòt oubyen pou youn repouse lòt. Se nan mezi fòs yon eleman ka reyaji ak fòs yon lòt, kòsmòs la rive jwenn ekilib li. Nan fè laviwonn, fòs yo gendwa chanje sans ekilib la. Depi jou lasyans te fin bay Einstein rezon; save pa janm sispann travay pou yo dekouvri yon fòmil matematik ki ka sèvi nan kèlkeswa sitiyasyon an.

Anvan Einstein te dekouvri teyori sou relativite (jeneral la), prensip ekilib jeneral la te deja parèt nan chak vèvè yo trase anba yon peristil anndan peyi a. Ekilib nan mitan fòs yo se yon egzijans nan kèlkeswa vèvè a, pou kèlkeswa rezon yo trase vèvè a. Anpil save deklare vèvè yo trase anba peristil yo sòti nan eritay endyen. Si vèvè yo se yon eritay endyen, sa vle di depi nan tan Endyen yo, gen moun ki te deja konprann kòsmòs la chita sou ekilib nan mitan eleman ki peple kòsmòs la, moun sa yo te gentan adopte prensip ekilib la nan reyalite lavi yo. Sivilizasyon ki vle respekte amoni ant moun ak anviwonman an (kòsmòs la) dwe adopte prensip ekilib kòsmòs pou lavi sosyete yo.

Setyèm prensip: Pa defèt ekilib lavi a san rezon. Moun, ki mal deplase eleman yo, ap rale malè sou tout moun.

Kisa sa vle di? Sa vle di: chak moun dwe rekonèt li pa ka debalanse ekilib lavi a, li pa ka debalanse ekilib kòsmòs la. Defèt ekilib yo ap rale malè sou tèt tout moun, atò moun ki pran responsablite defèt ekilib yo. Fè ekilib la retounen ap vini nan brasaj k ap fèt nan mitan eleman yo, etan yo nan boulvès. Lè ekilib yo fin defèt, se nan anpil lesefrape ak kolizyon, pou fòs k ap pote eleman yo repran ekilib yo. Pèsonn pa ka devine ki rezilta boulvès yo ka bay. Eleman nou te konnen anvan boulvès yo gendwa disparèt nèt, konsa gen lòt ki ka parèt…

Sitiyasyon boulvès Ayiti ap viv la sanble ak yon ekilib ki defèt, kote fòs yo ap chache yon lòt ekilib. Kit se ògèy yon moun yo blese pou granmesi, kit se yon pyebwa yo mal koupe, kit se yon savan ki envante yon bonm, gen yon ekilib ki defèt, pèsonn pa konnen konbyen tan sa ka pran pou moun k ap vin dèyè rekonstwi ekilib yo…

Uityèm prensip: Tank n ap aprann, se tank n ap konnen kòman pou nou respekte ekilib lavi a.

Twa dènye prensip sa yo marye ak senkyèm nan. Paske menm prensip la parèt sou twa fòm. Yo vin sou twa fòm, paske sa reprezante yon ensistans: se pou tout moun konnen yo. Prensip sa yo ap atire atansyon tout moun sou reyalite lavi a (pou poze kesyon), kit se nan sosyete rich, kit se nan sosyete san mwayen. Si nou gade dega lèzòm ap fè sou anviwonman an, kit se an Ayiti, kit se lòt bò dlo, nou ka konprann kòman nèg vizyon, ki mete prensip sa yo deyò, te konn reflechi, kòman yo te pwofonde.

Difikilte lavi a oblije nou konprann nesesite pou nou pwofonde nan konesans sou regleman ki kòmande lavi moun ansanm ak kòsmòs la. Lavi moun pa deparye ak laviwonn k ap fèt nan kòsmòs la. Menm jan ak sitiyasyon mawon yo, ki te devan defi esklavay la, sitiyasyon difisil Ayisyen yo ap viv jounen jodiya egzije yo suiv konpòtman mawon yo, ki te desann fon (pwofonde) nan filozofi lavi a pou yo jwenn ki direksyon pou yo pran pou yo sòti nan zafè esklavay la. Nan ane 1791, mawon yo pran dispozisyon pou yo te trase yon lòt modèl lavi. An 2009, laplipa Ayisyen chwazi rete tann èd ak mirak Bondye. Sosyete a ap depafini ak yon mantalite chita tann, asiste, defetis, ki pa montre pyès moun kote tout moun ap ka manje, ni ki kote travay pou tout moun nan ap sòti, san nou pa pale pou ekilib nou dwe chèche. Ekilib ki nesesè pou amoni ka tabli anndan sosyete a.

Nevyèm prensip : Pa janm manje manje bliye.

Pou ki rezon pou Ayisyen pa dwe manje «manje bliye»? Prensip souvnans. Nan ane 1793, Tousen fòse Lafrans pwoklame libète jeneral pou tout esklav nan kèlkeswa koloni franse a. Nan ane 1802, Napoleyon Bonapat (premye Konsil fransè) voye 55000 sòlda vin remete esklavay nan koloni yo (Sendomeng, Matinik, ak Gwadloup). Si Fransè yo pa te rive remete esklavay anndan Sendomeng, yo te rive fè sa nan zile Matinik ak Gwadloup.
Ki leson ansyen esklav yo aprann nan tantativ Napoleyon Bonapat la? Pi gwo leson premye jenerasyon Ayisyen yo kite pou nou, se yon leson politik ak sosyal: «Nanpwen pyès gany ki la pou tout tan. Se pou nou toujou veyatif. Se pou nou toujou sou gad nou, paske jou nou bliye kò nou, jou nou an feblès, fòs nou te konbat yo ap remonte sou nou, depi yo kapab».

Ki rapò prensip sa a genyen ak Ayisyen 2009 yo? Prensip Bwa Kayiman yo sòti nan lanfè lakoloni; se sa ki fè yo solid. Pou mawon yo te kraze lanfè a, fòk yo te plonje (pwofonde) nan nannan filozofi lavi a, pou yo sòti ak prensip sa yo. Se prensip sa yo ki te rebay esklav yo tout dimansyon moun yo. Yon dimansyon sistèm esklavay la pa t rekonèt. Prensip Bwa Kayiman yo depaman ak filozofi lavi ewopeyen epòk sa yo (blan, rasis, pa m pi bon, demounizan). Malgre limanite ap fè pwogrè, prensip Bwa Kayiman toujou ap pale, paske se pa nan tout sosyete sou latè yo admèt yo. Si gen sosyete ki pa rekonèt yo, jouk jounen jodiya, se paske gen fòs nan sosyete sa yo ki rejte valè sa yo. Eritye prensip sa yo gen obligasyon pou yo respekte, onore, venere moun potorik sa yo ki te jwenn kòman pou yo desitire yon sistèm ki t ap lote moun nan mitan bèt. Si Eritye yo bliye sa, sivilizasyon pa m pi bon yo gen lòt zam pou yo demounize moun tankou sou tan lakoloni.

Dizyèm prensip: Toujou sonje: fè koupe fè; dèyè mòn gen mòn; pa fè san inosan koule; pa lage chay nan men manfouben.

Regleman sa yo, se yon rado regleman pou ede moun viv lavi a nan amoni. Pa gen fòs ki pa gen feblès li; pa gen fòs ki pa gen fòs ki ka kontre avè l. Toujou fè pou rezon nou toujou nan men nou. Gen yon pòsyon moun ki di: «Sa w fè sou latè, se nan syèl ou peye l». Gen yon lòt pòsyon ki di: «Sa ou fè sou latè, se sou latè ou peye l». Gen yon lòt pòsyon ki pa respekte anyen nan lavi a… Y ap fè chay san yo pa konnen ki moun dèyè ki pral peye.

Onzyèm prensip: Veye! Lènmi Bwa Kayiman ap vin sou tout kalite non, ak tout kalite rechany pou yo tire revany

Si Napoleyon Bonapat pa la pou li remete sistèm esklavay la sou pye anndan peyi a, si li enposib pou esklavay retounen sou tè Ayiti, sa pa vle di rasis yo pa gen lòt mwayen pou yo tire revany. Premye mwayen rasis yo genyen pou tire revany, se echèk sosyete ayisyen an pou li rezoud pwoblèm li. Tablo echèk Ayisyen yo bay blan yo pretèks ak zam pou rasis yo kritike eksperyans 1791-1804 la. Sa ki pi rèd, anndan peyi a menm, tout koze tankou: «Campagne anti-supertitieuse, kanpay rejete, dejouke Bwa Kayiman, Èzili se Jezabèl, remèt peyi a bay Jezi», tout koze sa yo se tantativ rasis yo ap eseye, granmesi Ayisyen yo lemante ak lajan, pou yo efase memwa Bwa Kayiman nan mitan pèp ayisyen. Objektif rasis yo se fè Ayisyen repete: «Nou pa wè kisa Bwa Kayiman te itil! Kisa 1804 te itil?» tankou sèten Ayisyen kòmanse di l.

Douzyèm prensip: Malè yon eritye ki bliye esklav fè Bwa Kayiman pou moun k ap sèvi Bondye pa lote moun nan mitan bèt.

Nan ane 2009, rasis toujou egziste sou latè. Jouk jounen jodiya, desandan eritye 1791 yo, desandan eritye 1804 yo ap peye dwa yo te rache nan men kolon pou moun pa gade moun tankou bèt. Nèg nwè Matinik ak Gwadloup tann plis pase 40 ane apre Ayisyen, anvan pou blan fransè aksepte ba yo libète. Etazini te taye yon baryè ideyolojik espesyal pou Ayiti, pou li te bare enfliyans revolisyon ki sòti nan eksperyans Bwa Kayiman an. Sonje nan ane 1826, se Etazini ki te fè yo pa resevwa Ayiti nan premye reyinyon yo t ap òganize pou Eta Endepandan nan kontinan Amerik la. Etazini pran 60 ane pou li rekonèt endepandans peyi a. Blan ak blan te oblije fè lagè pou yo desitire esklavaj nan peyi yo. Nèg nwè nan peyi Etazini oblije tann jouk 1960-1964 pou yo jwenn dwa pou yo vote. Nan Afrikdisid, Mandela pase 27 ane nan prizon anvan pou blan rekonèt dwa nèg nwè... Malgre tou, sa ki vin pase apre, anpil blan sou latè pa janm padone Ayisyen dèske se yo ki te dechouke sistèm esklavajis la an premye, nan yon kwen sou latè. Apre echèk yo an Ayiti, kolonyalis yo travèse sou lòt kontinan (Afrik, Azi), pou al gaye vizyon rasis yo nan esplwate pèp endijèn yo jwenn nan kontinan sa yo.

Etan gen sivilizasyon k ap disparèt, gen lòt k ap parèt. Chak sivilizasyon vini ak valè pa li, ak vizyon pa li sou lavi a. Nan anpi women, yo te desitire esklavay nan kòmansman Mwayennaj. Lè Kristòf Kolon fè dappiyanp sou Lamerik ak kolon li yo, Las Casas, ki te gen kè sansib pou Endyen. Li mande pou yo bwote nèg nwè sot an Afrik. Se konsa moun, ki pretann y ap sèvi Bondye, siyen non yo anba yon krim kont limanite pou yo ka fè lajan. Se kalvè sa a, ki tanpe nan fon nanm desandan esklav yo, blan rasis yo, anba kouvèti Levanjil, ap bat pou yo efase nan konsyans ak memwa viktim yo.


SOURCES link

Commenter cet article

T
Elsie, j'ai lu ton introduction sur les 12 Prensip Bwa Kayiman de Pierre Michel Chéry avec plaisir et beaucoup d'intérêt pour le partage de ta vision. <br /> <br /> J'ai confiance que ce texte et ces principes approfondis peuvent nous rapprocher de cet idéal d'émancipation auquel nous aspirons. Encore faut-il qu'on en prenne connaissance avec attention et qu'on échange avec respect et intégrité porté par la belle intention de s'en nourrir pour mieux danser notre vie de femmes et d'hommes libres. <br /> <br /> Nous invitons toutes et tous à s'engager simplement dans ce partage sur la page "12 Principes Bwa Kayiman en héritage à s'approprier"(http://www.world-dancespirit-danse.com/12-principes-bwa-kayiman.html). Une invitation qui saura te rejoindre ainsi qu'un plus grand nombre, j'espère...
Répondre
T
Une très belle année à toi Elsie (Siel) !<br /> <br /> Merci beaucoup pour ton appréciation. J'en suis très heureuse.<br /> N'hésite pas à communiquer avec moi à aktivis@world-dancespirit-danse.com pour un premier contact. <br /> <br /> Au plaisir !<br /> Turenne
S
Bonne année à toi, je suis allée regarder au lien transmis. C'est vraiment du beau travail autour de la danse, du coeur et de l'esprit.<br /> Je vais mettre le lien sur le blog. Et par ailleurs j'aimerais pouvoir te contacter pour un entretien. Merci

Archives

Nous sommes sociaux !

Articles récents