Overblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog

Le Monde du Sud// Elsie news

Le Monde du Sud// Elsie news

Haïti, les Caraïbes, l'Amérique Latine et le reste du monde. Histoire, politique, agriculture, arts et lettres.


"M'ap mande'm lan tout vire ron sa a si se pa chanboule y'ap chanboule plis yon peyi ki deja tèt an ba."

Publié par siel sur 29 Septembre 2011, 10:10am

Catégories : #AYITI ROSE RAKET

 Sur les forums haïtiens, malgré la prolifération d'internautes à côté de leurs pompes

( Pompes en argot = chaussures ou souliers comme on dit en Haïti. Etre à côté de ses pompres : expression imagée signifiant  marcher à côté de ses chaussures  c'est-à-dire être en dehors de la réalité )

 ou bien carrément réactionnaires, on trouve quelques personnes qui pensent et en plus avec humour et modestie. J'ai parlé d'Haïtienhonèt1 qui fait un énorme travail d'analyse avec photos à l'appui et images.


Il y a une certaine Martine la Tourmente que je croyais - vu son pseudo une femme - et je me réjouissais de cette fine plume féminine qui manie le créole avec élégance et sensibilité.

Et qui me fait toujours rire de bon coeur.

Mais voilà, aux dernières nouvelles, il s'agit d'un homme.

Tant pis et tant mieux.

Voici un exemple de ce qu'il écrit :

 

"M'ap mande'm lan tout vire ron sa a si se pa chanboule y'ap chanboule plis yon peyi ki deja tèt an ba. Pi gwo problèm peyi a se koken' lakin ak yon popilasyon ki mal enstrui ou ki pa konn li. Mwen gen respè pou tout endividi lakay ki chèche yon vye metye pou yo ka siviv. An mèm tan m'admire sa, m'toujou gen lapèn lè'm konstate ki jan y'ap ekzèse metye yo ak mwayen ridimantè menm jan ak peyi zan k'ap bay san yo ak pikwa ak manchèt lan kondisyon tè arabl ki fin epuize. De tou tan, se lan debouyadiz ke majorite Ayisyen ap viv ke sa k'konn li ke sa k'pat al lekól. Lè n'byen sonje, sa ki pa konn li yo par konsekan ki pi defavorize yo pi prodiktif ke majorite moun k'ap kale wès lan PAP.

 

M'pa wè ki progrè k'ap fèt si tout popilasyon mal pati sa a rete abandone a yo menm si l'Eta Ayisyen pa travay pou ankadre jenès dezeuvre a. Debrouyadiz pa yon opsyon etan done ke se lan move mès, lan aktivite ilisit Ayisyen fin lage menm lè yo ak kravat lan kólèt yo. M'pa dakó ak mantalite endividyalis kote lan yon peyi tankou Ayiti pou nèg ki chape vle pase pou modèl pou sa yon sistèm lage sou bó chemen.

 

Se pou yo jwenn yon fason pou moun sispand aprand li an Ayiti pou yo ka al grate papye lan administrasyon piblik chaje ke peyi a pe pa menm sipóte, kote anplwaye bije lan konbin grese pat, kote fo papye fè pay.

 

Se atake problèm la a la baz. Nou pe pa lage edikasyon lan men televisyon ak ódinatè. Malgre tout progrè teknoloji, sa ap toujou pran zouti pou moun travay. Dayè, menm pou brikole, sa pran zouti, sa pran yon minimum konesans de sa n'ap fè. Donk, lè moun ap pale de edikasyon se pa de yon bagay machinal y'ap pale, sa pran fómasyon. Ayisyen pa mwens entèlijan ke lót pèp pou yo pa aprand nenpót kèl metye pou valorize tèt yo ak yon peyi yo pwal konstrui.

 

Se menm jan itou nou pa'p janm vale koze ke se etranje ki pou fè demokrasi lakay sou pretèks ke nou pa pare pou sa. Nou pa vle tande maryonèt k'ap ekzekite lód yo bay yo apre ke yo fin destabilize yon peyi kote yo rayi vrè reprezantan pèp la chwazi ki te premye ki te blayi devan je tout malpouwont problèm peyi a ki se edikasyon, fómasyon.

 

Non, ki ès nèg sa a ye pou l'ap lanse livr ak tit "Tout moun se moun"? Depi tout tan sa a, sa ki di ke yo se la krèm yo chita jis ap boule pou y'al kanpe sou kote ou dèyè etranje. Sa vin pi tris ankor, jodi a, nou pran anba yon monkonpè grossier personnage, san substans ki pwal pale devan Asanble Jeneral ONU san ke li pa menm konprand bout sa l'ap di, yon ransè pachiman k'ap soti vye pawól "tèt kale" sou moun serye.

 

Nou pa wè yo fè ekspre mete'l chita sou kote Paul Kagame ki se yon lót bout di men ki pa yon woywoy endisipline, malapri men ki byen atikile e ki gen yon pakou byen striktire. Nou tout wè itou jan Brosnan fini diskisyon a. Ouais, nou te peye endepandans ak kafe... pandan ke lót la ak peyi a te sibi imilyasyon paske l'tap reklame dedomajman pou Ayiti.

 

Bèl koze, nou pwal voye ti moun lekól san profesè. Ke se lan nivo primè jiska inivèsite, sa pran pedagog, sa pran bon bós, sa pran yon curriculum, sa pran yon objektif final donk sa pran yon ankadreman sinon se lajan jete. Si pa gen enstisisyon pou verifye konpetans, se menm koze lekol borlèt la ki pwal kontinye. Se yon jenès ki pwal gaspiye dotanplis ke pótre ki devan zye'l jodi a, sè ke w ka prezidan Ayiti menm ak yon panye (sèvèl) crack.

 

Ayiti pa ka rete yon laboratwa pou tout kalite eksperyan sinistr. Mwen bouke tande itou kretyen vivan ki pwal pote tèt yo bay tout kalite reken. Gen reken ki ap manje w san ezitasyon tankou gen k'ap refoule'w. Pa janm blye yon rejim sanginè ki pou anpil lan eta peyi a ye a. Si nou pa kenbe baboukèt la rèd lan tèt bourik sangle k'ap jwe pyano programe a, nou pwal tande l'kap rani chak 8 è di maten, chak lanjelis. Se kaban' li l'ap ranje pou pi devan. Tèt kale bobis mèsi pè... trompette mal embouchée.

 

Que la paix du Saigneur soit avec vous!

Commenter cet article

Archives

Nous sommes sociaux !

Articles récents