Overblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog

Le Monde du Sud// Elsie news

Le Monde du Sud// Elsie news

Haïti, les Caraïbes, l'Amérique Latine et le reste du monde. Histoire, politique, agriculture, arts et lettres.


A pa li papa...

Publié par siel sur 6 Février 2012, 11:14am

Catégories : #LU SUR LE NET

J'ai lu ça sur le net :

Lè yo te poze Sweet Mickey kestyon a savwa si li gen lajan pou li reyalize projè pèsonèl li a, li te repond ke li konn kote l'ap jwenn lajan. A pa li papa, tout sa ki pa t'ap veye komanse wè kote lajan sa yo ap soti. Jean-Claude Duvalier gen lè tounen vin envesti. Gen lè se pou li ti-mesye T-Vice yo ta'p voye mesaj ak album yo a. Ayayay, fanmi yo gen yon dèt anvè Duvalier. Se yon moun vini yo ki t'ap di ke Duvalier te fasilite yo fè biznis nèt paske boujwazi tradisyonèl Ayisyèn la pa't janm envesti e kreye travay lan peyi a.

Ayisyen aletranje mèt pare kor yo pou yo pran plis bafl pi devan si yo pa fè makaj sere sou tandem Sweet Michey-Baby Doc sa a. Lè misye te vini ak taks sou transfè, san ezitasyon mwen pa't kontante'm de denonse sa tankou tout moun non, mwen te fè remake ke se menm eskrokri Jean-Claude Duvalier te konn ap remèt yo e m'te di ke jan de konsiy sila pa sót lót kote: se Baby Doc k'ap dikte misye ki sa pou'l fè.

Komanse poze tèt nou si se pa Jean-Claude Duvalier k'ap dirije Ayiti par lentèmedyè Sweet Mickey. Antouka, m'pa wè ki sa sa ye ankor.

Mwen pale otan ke mwen vle, pa gen moun ki ka di pou m'pa kritike Sweet Mickey, Jean-Claude Duvalier, nèg ki lan ransèyman pou Big Brother. Blan a te di'm sa k'ap pase, mwen jis fè'l konprand ke mwen se yon sèl moun, pas deux identités.

Ki sa ki rive Ayiti konsa? Peyi sa a pa gen chans. Tankou ekriven Ayisten sa a t'ap di dènyèman, si Bon Dye te ekziste, e byen li rate yon bèl okazyon le 12 janvye 2010 pou l'te prouve'l.

Na eskize'm si m'wè gagay yo diferamman paske m'pa moun P-A=P, mwen pa grandi lan kapital venal la. Youn lan refleksyon ke m'te toujou ap fè, sè ke P-A-P se yon vil malediksyon, se yon malè pou rès peyi a. Lè goudougoudou a pase, mwen t'ap sonje promès yo te fè Sodome e Gomorrhe la. Komm mwen pa lan ni Bon Dye ni Dyab, mwen te vit ap fokalize sou kretyen vivan yo ki ret kanpe.

M'ap di itou ke m'te t'ap mande si Sweet Mickey te Ayisyen depi lè yo te diskalifye Wyclef. Mwen pa konn si y'ap ka prouve ke li gen sitwayènte etranje, mwen ta prefere ke senatè Moïse gen prèv en main. Se sa ki fristran lan demokrasi bull-shit ak lan jistis, w mèt sèten, w gen dwa gen rezon men si w pa vini ak prèv tanjibl, w'ap tonen do koube. Cela dit, il n'y a aucun doute dans mon esprit que Sweet Mickey a quelque chose à cacher. Et qu'on est peut être de détruire les pistes.

Pito m'kanpe la pou aswe a avan blan yo trouve ke m'pale trop. Evidemment, paske yo pa ka achte bouch pa'm. Trop detay ap pase lan peyi sa a.


 

http://www.forumhaiti.com/t13778p16-martelly-duvalier-et-avril-sur-un-meme-podium-ce-12-janvier-2012#116350

Commenter cet article

Archives

Nous sommes sociaux !

Articles récents