Overblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog

Le Monde du Sud// Elsie news

Le Monde du Sud// Elsie news

Haïti, les Caraïbes, l'Amérique Latine et le reste du monde. Histoire, politique, agriculture, arts et lettres.


Sophia et les quarante voleurs...

Publié par siel sur 19 Mai 2015, 15:45pm

Catégories : #AYITI ROSE RAKET

Il était une fois, une dame nommée Sophia, épouse d'un président à tèt kale, qui voulait devenir senatèz...

Les invités de l'émission Ranmase discutent  autour de ce conte...

J'ai sélectionné un commentaire à l'article pour le fond et la forme.

La maîtrise de la langue créole ou ayisyen (as you prefer) est impressionante.

C'est grâce à ce type d'écrit que chacun peut se rendre compte que le créole est une langue qui n'a rien à envier à aucune autre.

Ce texte ilustre cette citation  fort connue de Boileau " Ce qui se conçoit bien s'énonce clairement. Et les mots pour le dire arrivent aisément"

Et l'on se met à rêver à une éducation toute en créole qui permettrait aux enfants de ne pas avoir à essayer de traduire en français ce qu'ils énoncent en créole dans leur tête.

Tant que cette réforme ne sera pas entreprise, Haïti n'ira nulle part. 

 

Parce que`tant que ces enfants seront obligés de faire leurs études dans une langue étrangère, ce sont les mêmes voyous en col blanc, formatés pour obéir au blan, piller les caisses de l'Etat et maltraiter la population qui organiseront constamment le désordre.

Hollande serait bienvenu de participer non pas en envoyant des retraités de l'Education  nationale française pendant 100 ans en Haïti, mais en finançant un vaste programme de traduction de livres scolaires en créole. Et des romans des zentellectuels primés/surprimés/déprimés en langue vernaculaires, comme ils disent non sans un relatif mépris.

Ca, ce serait de la réparation et une créance pour l'avenir.

Pour terminer, comme le commentaire est sur l'hypocrisie des zélites zélées haïtiennes, je vous  poste un dit sur ce thème de Maurice Sixto, - en passant voici un homme que l'on aurait pu déclarer Trésor National. 

 

Piyay la fini. Bann ipokrit ! Sispann mete dyaspora nan koze nou pou regle koze pèsonèl nou. Piyay itilize fo papye pou vini dirije peyi Ayiti, peyi mwen, piyay sa dwe fini. Mwen apiye pou bay tout kandida kanè san eksepsyon. Mwen pa bezyen konnen kijan kandida sa rele. Mwen toujou nan opozisyon ak tout moun ki pa vle respekte sa ki ekri nan Konstitisyon 1987 la, sa lwa an Ayiti di ak prensip isit. Kit ou rele (Jean, Jacques, Jack, Pierre, Pyè, Frederik, Gracia, Stanley, Michel, etc), kit ou te nan pouvwa ou w'ap defann pouvwa (ekzekitif, lejislatif, jidisye). Mwen nan opozisyon ak moun ki nan opozisyon tou wi. Genyen sa ki di yo nan opozisyon, se pozisyon pèsonèl y'ap defann. Anpil nan yo gentan kandida ane sa apre yon ti bout tan yo di yo nan opozisyon. Mwen voye dlo, mwen pa mouye pèsonn. Mwen respekte dwa chak moun genyen ak opinyon politik yo. Se konsa tou, mwen gen dwa pa mwen pou denonse s'ak pa byen. Mwen vle denonse ipokrit yo. Gen twòp ipokrizi ak tenten-nad nan politik peyi sa.

Rezon ki fè mwen apiye desizyon bay tout moun kanè yo se paske yon moun dwe byen ranje kabann li avan dòmi nan je l'. Se pa anyen serye majorite nan kandida sa yo t'ap vinn itil peyi sa. Mwen pa vle mete tout nan menm panye. Gen nan yo ki kapab gen volonte vre pou peyi yo byen mache. Konsa gen nan yo se yon kote pou vinn kache y'ap chache nan Paleman Ayisyen an. Majorite non kandida non yo site la, yo tout te nan pouvwa deja. Gen nan yo ki menm nan pouvwa toujou. Kisa yo te janm fè pou bagay yo chanje ? Yo te dwe prepare enstitisyon nou yo pou bagay yo pa rive konsa jan l' rive la. Men rezilta yo jwenn : yo viktim nan pran nan pwòp pyèj yo te mete nan moman yo te sou pouvwa, ou byen, yo te nan pouvwa menyo pat e janm di anyen pou sa chanje.

Nan koze politik Ayiti, depi ane 2010 rive jounen jodya, mwen fini pa dekouvri kijan chaje ak moun ipokrit nan peyi sa. Ayisyen ta sanble chanpyon nan koze ipokrizi politik nan mond lan. N'ap viv yon moman la kote Prezidan Repiblik la, Michel Martelly, dezabiye anpil Ayisyen. Li fè anpil nan nan yo chanje lang, chanje metye ak fòs pouvwa ak lajan. Sa se youn nan bagay Sweet Micky te kapab fè pou netwaye Ayiti pandan li rive chèf pouvwa ekzekitif nan peyi isit. Moun ipokrit sa yo, mwen gen pou mwen swiv yo apre Martelly pa la. Kòm se fanmi yon ansyen minis enfòmasyon sou pouvwa sa yo ye. Bann san wont sa yo.

Yo pa an Ayiti sèlman non. Genyen anpil nan ipokrit sa yo k'ap viv nan peyi etranje tou wi. Moun ipokrit an Ayiti, mwen esye konprann nan ki kondisyon, nan system, etc y'ap viv. nan sans sa, mwen padone yo paske yo konprann anpil nan prensip yo wi, men yo pa finn konprann sa y'ap fè. Yo pran nan yon angrenaj. Yo se' moun k'ap viv nan yon meli-melo......Sa k'ap viv nan peyi etranje yo menm pi ipokrit toujou paske y'ap viv kote yo wè kijan preparasyon pou moun rive kandida nan eleksyon fèt. Yo abitye ak bon prensip yo.

Bon, men yon dosye IPOKRIZI sa yo itilize ki fè mwen pi sezi. Se koze dyaspora. Chak fwa gen eleksyon, bann ipokrit sa yo ap pale de koze dyaspora. Kisa ki yon dyaspora ? Yon dyaspora se yon moun k'ap viv nan yon peyi etranje, li deside rete viv la. Sa vle di nan ka pa nou : li pap viv an Ayiti. Koze ipokrizi sa k'ap di bay Sophia Martelly kanè, se yon siyal pou voye jete dyaspora, koze sa yo se rans ! Bann koze sa yo, se bobinn ! Bay moun tèt yo tande. Mwen bouke tande vye rezonnman sa. Madanm Sophia Martelly gentan gen plis ke 5 ane depi li retounen an Ayiti, si se pa an Ayiti li t'ap viv. Li pase tout ane sa yo l'ap viv kote mari l', Michel Joseph Martelly, Prezidan Ayiti. Eske se li menm sèlman ki jwenn kanè ? Non. Ebyen mwen pa konprann menm ditou-ditou koze "...signal de rejet envoyé a la diaspora..." k'ap pale la. Mwen voye vye koze sa jete nan poubèl fatra...

Dyaspora gen plas li nan peyi l'; dyaspora ap toujou gen plas li nan peyi l'. Mwen poko janm tande yon kote yo eseye anpeche yon dyaspora retounen lakay li. Si w kwe mwen manti, ale mande yon ansyen Prezidan repiblik peyi nou, Doktè Jean Bertrand Aristide. Se yon kesyon de respekte lwa ak bon prensip k'ap regle la. Si yon Ayisyen vle jwenn pozisyon politik nan peyi l', li dwe retounenn viv lakay li; li dwe aprann sa ki di nan konstitisyon peyi l', m'ap pale Konstitisyon 1987 la. Ayisyen sa, si li vle pozisyon politik, li dwe obeyi ak sa lwa peyi l' di; li dwe respekte tout prensip peyi l'. Ki Ayisyen, ki kandida ki pa konnen chak peyi gen konstitisyon pa yo. Ebyen si nou aksepte respekte sa ki ekri nwa sou blan nan konstitsyon Kanada, Etazini, etc. poukisa nou derefize aksepte sa ki ekri nwa sou blan nan konstisyoon Ayiti tou ? Ou deside dyaspora, ou vle ap byen mennen nan peyi etranje epitou le sa pa mache byen pou w nan peyi etranje sa, lide w di w pou vini an Ayiti paske se la gen piyay vinn foure men byen fon nan kès leta, ou deside vinn pran pozisyon politik an Ayiti. Sa se won rans !

Gen moun k'ap klewonnnen tout lajounen yo bezyen peyi Ayiti byen mache nan chemen devlopman epitou se menm moun sa yo k'ap defann desizyon tèt anba, desizyon ki pa mache ak lwa, etc. Depi se moun pa yo ki devan yon sitiyasyon, yo vire jan yo vle sa lwa yo di sou papye. Bagay sa dwe sispann !

Jan de moun sa yo pran pòz y'ap defann koze dyaspora, Se MANTI; yo pran pòz y'ap defann kandidati Madan Sofia Martelly, Se MANTI, tout koze sa yo, se yon bann kaponay. Se kandidati lòt kandida y'ap defann, y'ap prepare pou pi devan. Mwen byen analize sitiyasyon moun sa yo ki pa vle respekte lwa tonbe la. Mwen konprann yo wi. Kandidati Madanm Sophia Martelly sete yon tès li te ye pou yo. Si kandida sa te rive pase, li t'ap tou ouvri pòt pou kandidati bann moun ipokrit sa yo vini kontinye vyole lwa nan peyi nou. Konsa kandida Sophia Martelly t'ap ouvri pòt byen louvri ak yon bann lòt ki gen menm san (100) lòt nasyonalite diferan ou byen citwayennte, jan yo vle rele l' la, youn nan yo. Ki rans sa ? Ki tenen sa ? Bagay sa yo dwe fini nan peyi nou. Se sa ki di nan lwa ki dwe triyonfe.

Jan de moun sa yo tou, se pa koze peyi mache vre non y'ap defann, se pito pozisyon nan pouvwa y'ap defann. Gen yon maladi ki vini ak yon foli vinn minis, vinn anbasadè nan lòt peyi pou mal reprezante Ayiti ki monte nan tèt yo. Yo finn awoyo nèt ! Yo vinn tankou moun ki gen foli politisyen k'ap "flip flop". Jounenn jodya yo di yon bagay ki opoze ak yon bagay yo te di avan. Jan de blofè sa yo se enterè pèsonèl sèlman y'ap defann, se pa koze peyi avanse vre.

Gen lòt moun ipokrit sa yo menm, se lajan leta pou yo kapab vinn rich byen vit, san travay di, san swe ki entèrese yo, sa vle di y'ap defann pòch yo. Gen nan yo ki jounalis, yo enpoze moun ki rele emisyon radyo yo pase opinyon yo genyen depi se pa nan avantaj pouvwa Martelly l'ap pale.

Genyen lòt se pwopagann y'ap fè. Yo fè jounen nan tout sosyal medya yo 24/24, y'ap chache moun k'ap kritike pouvwa ekzekitif Martelly ap dirije la. M'ap mande eske pwopagandis sa yo janm dòmi. Depi se kote yon Ayisyen vle pase opinyon l' pou mande fòk sa chanje, fòk Martelly ak moun k'ap ede l' dirije yo respekte sa ki ekri nan konstitisyon 1987 la, respekte sa lwa di ak sa prensip mande, pwopagandis sa yo, yo toujou prezan. Mwen rele sa : Tonton Makout Online. Yo pa kapab jwenn ou fas pou fas. Men yo itilize pawòl ti-li-ti-ti ou byen vye mo deplase nou konn tande "Croix-des-Bossales" pou eseye entimide w. Tonton makout sa yo, se konsa yo vinn mande w sou medya sosyal yo, poukisa w di yon koze konsa ? Sanble w pa renmen Ayiti si w kritike Martelly ak administrasyon l'.

Sou ansyen rejim tankou rejim Aristide ak Preval, moun ipokrit sa yo ki pran pòz y'ap defann dwa dyaspora yo, moun sa yo te toujou kont pouvwa ekzekitif Jean Bertrand Aristide ak René Garcia Préval t'ap dirije. Mwen te konn tande analiz yo byen. Yo te konn ap defann pouvwa lejislatif; sanble, mwen di 'sanble' yo te nan opozisyon. Jounen jodya, se menm moun ipokrit sa yo ki pran pòz y'ap defann koze dwa dyaspora yo. Se pa vre non mezanmi. Se moun pa yo espesyalman nan pou pouvwa ekzekitif y'ap defann. Poutèt sa, yo vire fizi yo zepòl; yo kont pouvwa lejislatif, yo pa nan kesyon opozisyon ak moun menm. Bagay opozisyon an Ayiti se yon move koze pou ipokrit sa yo. Ebyen mòd ipokrizi ap sisipann fwa sa nan eleksyon sa si l'ap fèt vre. Pa gen moun ki gen lespri ki pa konprann nou tande bann ipokrit sa yo.

Mwen panse, mwen kwè yon Ayisyen ki bezyen sèvi peyi l' nan yon pozisyon politik, li dwe reponn ak tout bon jan prensip lwa peyi Ayiti mande, lwa sa yo ki deja la pou sa. Se yon bagay ki byen senp.

Pou rezon sa yo ak anpil lòt ankò, mwen apiye desizyon pou bay tout kandida ki pa prezante papye legal yo ak tou sa yo ki manke dokiman pou yo jwenn lese pase pou vini kandida. Mwen menm mwen pou elksyon, mwen te toujou pou bon jan eleksyon. Moun ki pa pou bon jan eleksyon yo, mwen deja konnen yo pwal fè tou sa yo kapab, tou sa yo konnen pou eleksyon sa pa byen pase ane 2015 lan, ou byen pou li pa rive fèt menm depi yo pa gen mwayen jwenn pouvwa ou byen kenbe pouvwa. Ou tande yo renmen peyi. Bann ipokrit ! "Ou tande bèf, alè wè kònn". Eske se konsa yo di pwovèb sa ? Ede mwen non kandida sa yo pran kanè...

RH2012
05.18.15

Commenter cet article

Archives

Nous sommes sociaux !

Articles récents