A propos de ce titre :
"Chute de Conille : Un pas de plus vers l’instabilité, pour Ottawa"
J'ai lu ce commentaire :
Tou sa nap di la yo se ensilte entelijans moun de byen;se pase moun nan derizion.
Sa fe moun we pi klè ke vre plan nou genyen pou Ayiti,
Tout ce que vous êtes en train de dire là est une insulte à l'intelligence des gens sensés. C'est se moquer du monde.
Ce qui permet de mieux comprendre le vrai plan programmé pour Haïti,
se pa ede pep ayisyen soti nan trou sanfon sa li ye la , men pito se fè li antre pi fon,
se somalize-l,
se fèl rete yon eta-paria, yon eta-kobay.....
qui n'est pas d'aider le peuple haïtien à sortir du trou sale dans lequel il se trouve,
mais plutôt de l'y faire rentrer plus profondément
c'est la (Haïti) "somaliser"
c'est faire en sorte qu'elle reste un état- paria, un état-cobaye
Mwen gen kesyon pou vre moun kap dirije ayiti yo :mwen vle pale de canada , etazini, lafrance.
1) eske lè nou te mete chef de bann yo rele michel martelly-a "prezidan" sete pou ede ayiti ?
2)eske se pa ipokrit le nap di nou regret ke conille bay demisyon ?
J'ai des questions pour les vraies personnes qui dirigent Haïti : je veux parler du Canada, des USA, de la France.
1) Quand vous avez intronisé le chef de bande qu'on appelle Michel Martelly comme "président", était-ce pour aider Haïti ?
2) Est-ce que déclarer votre regret que Conille ait donné sa démission, n'est pas de l'hypocrisie ?
Nou pa ka di nou pa wè ke de pi nou finn mete martelly "chef bann " nan se akselere lap akselere destriksyon peyi-a :
Il parait impossible que vous n'ayez pas constaté que, depuis que vous avez mis Martelly " chef de la bande", la destruction du pays n'a fait que s'accélérer.
a) akt 1.....li antoure l avek yon bann asasen , drogdealer, kriminel, aferis ke nou konnen, ke tout moun konnen....nou menm ki mete-l "chef bann" nan, nou pa di anyen;.
a) 1ere action. Il s'entouré d'une bande d'assassins, de dealers de drogue, de criminels, d'affairistes que vous connaissez, que tout le monde connait. Vous qui l'avez institué "chef de la bande", vous ne lui dites rien.
b) li kenbe konstitisyon peyi-a an otaj, li viole-l chak jou;
b) il prend la constitution du pays en otage, il la viole quotidiennement.
c) ap pouvwa nou bali lap ramase lajan sou transfe ak kol telefonn sou ayisyen kap viv deyo yo, angro koupe poch yo , kase ponyet yo;.
c) grâce au pouvoir que vous lui avez octroyé, il ramasse l'argent sur les transferts et sur les appels téléphoniques dans les poches des Haïtiens qui vivent à l'étranger, les dévalisant, les appauvrissant.
d) arete depite...
d) il arrête un député
e) antoure-l de yon gang de minis e sekretè deta san fwa ni lwa menm jan avek-li , de moun ki vin ranmase, wi de moun ke sa yap di an kontradiksyon avek sa yap fè..des brassards roses..tout vreayisyen konn sa sa vle di lè ou we siy sa yo..
e) il s'est entouré d'un gang de ministres et de secrétaires d'Etat sans foi ni loi comme lui, des gens qui sont venus s'enrichir, des gens dont les actes sont en contradiction avec les paroles...des brassards roses.. tout véritable Haïtien sait ce que ça veut dire quand on voit ces signes.
f) li ame yon bann moun andan peyi , swadizan ansyen milite de 20 tan yo -nou tout konnen sa, aloke nou gen yon fos lame andan peyi.nan ki entansyon ?
f) il a armé une quantité de gens dans le pays, soit-disant les anciens militaires d'il y a 20ans - vous êtes parfaitement au courant - alors même qu'il y a une force d'occupation dans le pays. Dans quelle intention ?
g) li di ke peson pa ka jije jean claude duvalier.
g)il dit que personne ne peut juger jean-claude duvalier
h)gaspiye lajan peyi-a nan banboch olyo pou-l ede moun ki nan bezwen yo....
il gaspille l'argent du pays dans la bamboche au lieu d'aider les gens qui en auraient besoin
i)distribiye motosiklet....ba kiyes? alo ke majorite moun k-ap teorize moun nan lari-a se moun ki a moto.
i)Il distribue des motos...à qui ? Alors que la majorité de ceux qui terrorisent les gens dans la rue, se compose de types à moto.
j)li mennen moun al atake etidyan pandan ke yo an sesyon an lokal fakilte etnoloji-a nou pa kondane sa..
j) il s'est placé à la tête d' une foule pour aller attaquer les étudiants qui participaient à un colloque à la faculté d'ethnologie- Vous ne l'avez pas condamné pour cette action...
k)yo di gen plis drog ki antre nan peyi pandan nou mete mouche chef -la...sa pa di-n anyen...
k) on dit que plus de drogue rentre dans le pays depuis que vous avez mis ce monsieur comme chef - ça vous laisse de marbre
l)li griyen deye-l sou tout moun, petet sou nou tou , sa pa fe-n pe...
l) il étale son derrière à la figure de tout le monde, peut-être à la votre également, ça ne vous fait pas peur
m)bay manti, se boul pik pa msye....nou renmen sa anpil...
m) mentir, c'est vraiment son fort... vous aimez beaucoup ça...
nou konnen poukisa martelly pa vle kolabore avek conille
Vous savez pourquoi martelly ne veut pas collaborer avec Conille
1) paske li vle atake kanse koripsyon an..
1) parce que celui-ci voulait s'attaquer au cancer de la corruption
2) li vle ke chak pouvwa yo fonksyone jan konsyitisyon mande-l.
2) parce qu' il voulait que chacun des pouvoirs fonctionne dans le respect des lois de la Constitution.
3) li pa dako avek yon fos milis paralel a polis;.
3) il n'était pas d'accord avec la formation d'une milice parallèle à la police
nou mande martelly pou-l swazi presese yon premye minis....kisa nou mande-l pou-l fe la.... a la kokorat papa.
vous demandez à martelly de choisir rapidement un Premier ministre... que lui demandez-vous
de faire exactement...quel parfaite absurdité ! ( traduction très personnelle de ala kokorat papa!
Commenter cet article