Vidéo Hold up sur le riz haïtien
Je viens de recevoir un superbe et inattendu cadeau de Bonne Année
quelqu'une (un) a eu l'amabilité de traduire le petit résumé que j'avais fait de la vidéo
Ca me fait un plaisir fou
Et je trouve que c'est tellement bien traduit que c'est nettement mieux que le texte original en français.
Sans flatterie aucune.
Mèsi anpil.
Haiti, ce 3ieme achtè diri ameriken sou tè-a,
Diri ke gouvènman Ameriken peye plantè diri pou yo
pwodwi,
Tandis ke FMI entèdi gouvènman Aysyen-a pou li ede platè diri pa li
yo,
Ke li emposib pou jwen diri Latibonit sou mache
aysyen,
Sepandan ke uou jwen diri Ameriken toupatou sou mache
Aysyen.
Lò prezidan Arisitd monte sou pouvwa, li te gen nan pwogram –li, pou Ayiti te
vin mèt tèt li nan pwodisyon alimatè.
Koudeta 1991 la ke lelit empòtasyon te finanse te mete yon fen nan tantativ
sila.
Yo te touye Ampil milye patizan Aristid.
Yo mennen Aristid tounnen sou kondisyon ke li oblije swiv program
neoliberal-la.
Aristide aksepte pliye do li sou diktat moun ki bay lajan
yo.
Povrete ogmante.
Moun rich vin’n pi rich.
Kilitvatè yo ale Pòtoprens pou grosi katey pòv yo.
Ti moun kite provinsy yo pou vini gonfle nan katye pòv
yo.
Epi USAID avek diri gratis ke li bay pou nouri òfelen ke li menm ede mete nan
grangou.
-Ah! Ala USAID jenere! Pandan ke li a pe kreye benefis pou plantè diri ameriken yo ki
vàn diri sila ba li.
Ayiti resevwa lajan, epi li peye 1 milyon dola chak semèn pou dèt ke makout divalyeris
yo te fè nan peryod 1957 – 1991, enswit 1992-1995.
Manifestasyon grangou yo, ki es ki te amba yo? eske se politisyen yo tankou senatè,
depite ansam pou yo te kapab jete Premye Minis Aleksis ?
Nan fen vidyo-a, gen yon bèl jen gason
Ki pa samble yon etidyan,
Paske li diferan de etidyan ou ouè sou television
Franse,
Li eksprime li byen, korekteman, poze,
Li souti epi li paret aimab.
Li samble ke li gen kouraj,
Mwen di ke li gen kouraj,
Paske « Grenn Nan Bouda » (moun ekstrêm Dwat )
yo
Gen abitid elimine tout moun qui gen yon pwoje
pèsonèl
Ki kapab poze danje pou systèm bèt sovaj yo-a,
Pou fè lis tout moun sila,
Fanm kou gason, ti moun kou granmoun,
Entelektyèl, administratè, pwofesionèl, etydyan, peyzan, ouvriye,
syndikalis,
Ki tombe de 1957 pou rive nan 2008,
Amba kou ekstrêmis dwat aysyen yo,
Fok ou ta fè yon liv antye.
Jen gason sila di ke se swa yon Prezidan blan ou byen
nwa,
Fanm ou gason,
Politik Ameriken a pe rete menm.
Li a pe toujou rete defans pwòp enterè pa li
dabò,
Answit, se va enterè lòt fanmi blan parèy li
yo.
Ce djob Aysyen pou yo repran libète yo,
Ede pwòp tèt yo.
Se sa jenn gason sila te di.