Overblog Suivre ce blog
Editer l'article Administration Créer mon blog

Le Monde du Sud// Elsie news

Le Monde du Sud// Elsie news

Haïti, les Caraïbes, l'Amérique Latine et le reste du monde. Histoire, politique, agriculture, arts et lettres.


Communiqué de ÒGANIZASYON SOSYOPOLITIK POU REBATI PEYI A APATI ANDEYÒ à propos du nouveau régime réactionnaire installé en Haïti

Publié par siel sur 25 Mars 2017, 15:56pm

Catégories : #AYITI ACTUALITES, #INTERNATIONAL, #AYITI EXTREME DROITE, #PEUPLE sans mémoire...

Communiqué de ÒGANIZASYON  SOSYOPOLITIK POU REBATI PEYI A APATI ANDEYÒ à propos du nouveau régime  réactionnaire installé en Haïti

ÒGANIZASYON  SOSYOPOLITIK POU REBATI PEYI A APATI ANDEYÒ

kn_ayitidjanm@yahoo.fr

 

Pòtoprens, 23 mas 2017

 

Annavan pou yon altènativ politik demokratik popilè

 

Ranfòsman zouti dominasyon enperyalis la ak oligachi lokal antinasyonal ak antipopilè a

Aprè 5 lane batay ak rezistans mas pèp ayisyen an, aprè plis pase 3 lane lit elektoral sektè demokrat yo, fòs reyaksyonè nasyonal ak entènasyonal yo reyisi mete alatèt peyi a yon gouvènman ak yon palman koupyon pou pote pwojè politik ak ekonomik antinasyonal ak antipopilè yo a. Viktwa sa a se rezilta mannèv, konplo ak jwèt politik makawon yo fè atravè pouvwa egzekitif la, pouvwa lejislatif la ak konsèy elektoral pwovizwa tchoul yo.

Ak monte gouvènman Jovenel/Lafontan ak palman koupyon an sou pouvwa a, se zèl dwat ak ekstrèm dwat fòs dominasyon etranje ak oligachi lokal antinasyonal ak antipopilè a ki repozisyone yo nan aparèy Leta a pou ranfòse dominasyon yo nan peyi a. Viktwa sa a konsakre defèt elektoral ak politik sektè demokrat dedwat yo, pandan li vize bloke pi fondalnatalman devlopman veritab fòs demokratik ak popilè yo nan peyi a.

Yon pwojè ranfòsman dominasyon etranje pou destriktire peyizànri ayisyen an ak pou koupe souf peyizan yo

Gouvènman Jovenel/Lafontan an ak palman koupyon an se prensipal zouti pou fè pwojè dominasyon ekonomik gwo peyi etranje ak miltinasyonal yo ateri nan peyi a. Se zouti k ap pèmèt yo tabli zòn franch endistriyèl, agrikòl, touristik ak divès lòt  antrepriz pou esplwate pou granmesi resous natirèl peyi a ak fòs kouraj pèp ayisyen an. Se zouti pou yo rive refè konstitisyon ak kad legal peyi a pou garanti envestisman miltinasyonal yo, nan ba yo dwa posede tè nan peyi a pou destriktire peyizànri an, dechèpiye, koupe souf peyizan yo, fè dappiyank sou tè yo, kraze esplwatasyon familyal yo, kase ponyèt yo nan fè va ata sou ti bourik ak chwal yo ki se prensipal mwayen transpò ki rete nan men peyizan yo pou devlope ti komès ak lòt aktivite ekonomik yo. Men yo deja ap mache rache nan men yo toupatou Jodi a nan seksyon kominal yo pou yon ti pousyè lajan.

Pouvwa a prese pou aplike san pèdi tan e san detou pwojè ranfòsman dominasyon enperyalis la

Pran depi monte Jovenel Moyiz, enstalasyon palman koupyon an pou rive nan enstalasyon premye minis la, pouvwa a voye plizyè siyal ki anonse volonte l pou ranfòse san pèdi tan aplikasyon pwojè antinasyonal yo a. Anlagan, Jovnel Moyiz te di li pral òganize yon seri gwo rankont ak chak sektè sosyal nan peyi a, swadizan pou al chache konsansis  nasyonal sou politik li pral mennen nan peyi a. Men li klè deja, mak fabrik gouvènman sa a ak kondisyon ki mennen l sou pouvwa a, fè li pap fouti gen lòt chwa pase aplike politik antinasyonal, antidemokratik ak antipopilè enperyalis yo ak oligachi lokal antinasyonal ak antipopilè a.

Chanm depite a, youn oubyen 2 semèn aprè enstalasyon l, te anonse li fòme yon komisyon pou al travay sou « refòm » konstitisyon peyi a. Yon desizyon mache prese sispèk, paske tout moun konnen depi 2015, laprès ak òganizasyon sosyal ak politik konsekan yo ap denonse nouvo konstitisyon Washington ta deja ekri pou peyi a. Kanta premye minis la, li anonse plas enpòtan esplwatasyon min pral genyen nan pwogram politik li. La a tou, Washington ta deja prepare yon nouvo lwa sou esplwatasyon min palman koupyon an ta annik gen pou vote.

Entimidasyon, menas ak represyon kòm mwayen pou bloke tout fòm rezistans ak lit mas popilè yo

Atravè aparèy Leta a, fòs dominasyon etranje ak oligachi lokal la gen tan pran divès inisyativ pou ranfòse touswit aplikasyon politik antinasyonal ak antipopilè sovaj yo a. Sèl andikap yo prevwa se rezistans ak mobilizasyon mas popilè yo ki pap janm asepte politik yo a k ap pwodwi plis mizè, plis chomaj ak plis grangou. Se pou sa pouvwa a deja ap prepare zouti ak aparèy represyon yo. Anlagan Jovenel Moise te fè konnen fè vote lwa sou difamasyon an se priyorite l. Se pou sa senatè yo san wete youn sot vote pwojè sa a pou mete baboukèt nan bouch laprès. Pwojè lwa sou difamasyon sa a pa yon senp atak kont laprès, li anonse estrateji entimidasyon ak represyon anrèg pouvwa a kont libète endividyèl, dwa lapawòl ak dwa pou òganizasyon ak mouvman sosyal yo revandike, pwoteste, manifeste ak reziste kont pwojè dominasyon etranje ak oligachi lokal antinasyonal ak antipopilè a.

Inite, lit ak rezistans popilè pou konstwi yon altènativ politik demokratik popilè

Aprè konsta tout gwo malè pandye sa yo sou peyi a, sou fòs demokratik yo ak sou mas popilè yo, AYITI DJANM (AD) ap lanse yon apèl rasanbleman ak mobilizasyon pou tout òganizasyon peyizan konsekan, pou tout òganizasyon ouvriye, tout òganizasyon sosyal nan katye popilè ak bidonvil yo pou yo prepare yo pou kontrekare pwojè gwo peyi etranje yo ak oligachi lokal antinasyonal ak antipopilè a.

AYITI DJANM (AD) adrese menm apèl sa a pou sektè demokrat yo, pou òganizasyon etidyan, inivèsitè ak jèn yo anjeneral. Apèl la lanse pi espesyalman pou òganizasyon ak pati politik pwogresis yo ak fòs politik degoch yo pou konstriksyon yon altènativ politik demokratik popilè ki ka ranmase, pote epi reyoryante lit mas pèp ayisyen an.

AYITI DJANM (AD) ap pwofite voye solidarite l bay laprès ki anba gwo menas, espesyalman près endepandan an, anpatikilye jounalis Lilianne Pierre Paul ak Jean Monard Métellus pou konba y ap mennen pou defann libète piblik yo ak dwa fondalnatal pèp ayisyen an.

Viv konstriksyon yon altènativ politik demokratik popilè

Pou rebati peyi a apati andeyò

 

Pou AYITI DJANM (AD)

JeaYves Blot                                                                                                                                                               

Ollery Saint Louis

 

 

Commenter cet article

Archives

Nous sommes sociaux !

Articles récents