Overblog Suivre ce blog
Editer l'article Administration Créer mon blog

Le Monde du Sud// Elsie news

Le Monde du Sud// Elsie news

Haïti, les Caraïbes, l'Amérique Latine et le reste du monde. Histoire, politique, agriculture, arts et lettres.


Pozisyon òganizasyon ak enstitisyon ki angaje yo nan Tribinal Popilè a sou konsekans siklòn Matye a nan peyi a ak jan Leta a ap jere kriz li kreye a

Publié par Enstitisyon nan mouvman sosyal la k ap pote Tribinal Popilè a sur 8 Novembre 2016, 14:32pm

Pozisyon òganizasyon ak enstitisyon ki angaje yo nan Tribinal Popilè a  sou konsekans siklòn Matye a nan peyi a ak jan Leta a ap jere kriz li kreye a

Asanble delege òganizasyon ak enstitisyon nan mouvman sosyal ayisyen an ki angaje yo pou fè pwosè 100 lane okipasyon / dominasyon peyi a, pa kapab kache endiyasyon l devan konsta, kote yon mwa apre siklòn Matye fin ravaje rejyon Gran Sid la, Ba Nòdwès la ak Wo Latibonit lan, kijan pouvwa Leta yo, òganis entènasyonal yo ak ONG imanitè yo poko fè okenn jefò kòdinasyon serye pou viktim ki pi afekte yo rive jwenn kòmsadwa èd ijans lan ! Kijan ministè Edikasyon Nasyonal deside relouvri lekòl san pran ankont pwoblèm reyèl paran, elèv ak pwofesè nan rejyon ki frape yo ! Kijan plizyè kote se manje gate ak pwodui ekspire y ap bay moun nan èd ijans lan !

 

Siklòn Matye a touye yon pil ak yon pakèt moun san konte yon kantite blese, popilasyon ki frape yo anba gwo chòk. Tout viktim nan rejyon ki afekte yo bezwen asistans konsekan prese prese pou yo pa mouri anba flanm solèy, lapli, fredi, grangou vant kòde ak kolera MINISTA pote nan peyi a.

 

Pandanstan 3 pouvwa Leta yo fann an miyèt moso, youn ap tire dra a sou lòt la. Gwo komèsan ak gwo biznisman yo ap monte pri pwodui ak sèvis yo disèt wotè pou fè kapital lajan sou do viktim yo. Ajans entènasyonal ap fè bèl pwomès san pran okenn angajman vre. ONG imanitè ap monte desann nan rejyon yo san yo poko rive pote yon sekou reyèl bay viktim nan zòn ki pi rekile yo. Pati politik tradisyonèl ak kandida yo ki enplike nan kanpay elektoral la ap sèvi ak konsekans Matye a pou fè kapital politik yo, epi yo fin dechennen pou eleksyon an fèt bridsoukou nan nenpòt kondisyon.

 

Pou nou menm delege asanble òganizasyon ak enstitisyon mouvman sosyal k ap pote Tribinal Popilè a, nivo dega siklòn Matye fè nan peyi a se pa yon aza ! se pa madichon ! ni se pa pèp la ki fouye tou pou antere tèt li ! Dezas sa a pran rasin li depi digdantan nan jan ni Leta, ni oligachi lokal la ak klas politik tradisyonèl la pa janm pran responsabilite yo pou fè amenajman ak pwoteksyon teritwa a. Nan apeti yo pou mete ansanm ak negosyan epi gwo konpayi peyi malfini yo pou piye resous ak fòs travay nasyon an san kite dekwa viv pou pèp la. Nan louvri vant ekonomi peyi a bay pwodui etranje antre libelibè epi mete zòn franch sou tè agrikòl yo ki lakòz detriksyon pwodiksyon nasyonal la. Nan dappiyanp oligachi a ak gwo kapital etranje fè sou Leta a, ki fè l tounen yon payaya ki pèdi tout kapasite pou aji sou pwoblèm fondalnatal peyi a. Dezas siklòn Matye a nan rejyon ki afekte yo se konsekans dekonpozisyon  sistèm piyaj okipasyon / dominasyon an tabli depi lontan nan peyi a men li vin anvlimen an menm tan kriz sosyo-ekonomik lan, kriz politik la ak kriz anviwònman an.

 

Mas popilè yo ki te deja nan ensekirite alimantè, ki te manke lekòl ak inivèsite pou voye timoun ak jèn yo, ki pa jwenn sèvis sosyal yo ni nan seksyon kominal ni nan katye popilè yo, nan zòn siklòn Matye frape yo, mas popilè yo vin nan pi gwo tèt chaje. Mizè, lavichè, chomaj ak eksklizyon te deja fè yon bon pati nan popilasyon an ap kite milye riral la pou antre lavil osnon kite peyi a pou ale lòtbò. Apre siklòn Matye a se abse sou klou nan kriz sosyo-ekonomik lan. Devan sitiyasyon sa a k ap vini pi malouk apre chak katastwòf natirèl, ni gouvènman ki te la anvan yo ni gouvènman Privert/Jean Charles la, sou enfliyans pisans etranje yo, chwazi militarize èd ijans lan epi fè peyi a tounen yon «repiblik ONG» pou kenbe imanitè a an pèmanans ; yo chwazi devlope plis zòn franch tankou CODEVI an 2002, Karakòl an 2010 ak Ilavach an 2013. Se kòmkwa dirijan Leta yo, oligachi a ak klas politik tradisyonèl la ap pwofite katastwòf yo pou fè peyi a tounen yon depotwa lamizè ak yon gwo rezèvwa mendèv bon mache.

 

Kriz politik ap brase bil peyi a depi lontan, men apre siklòn Matye a sitiyasyon politik la vini pi mongomen. Olye Palman an, Ekzekitif la ak Pouvwa Jidisyè a chache antann yo pou jere gwo pwoblèm grav peyi a ap travèse, youn ap chache mete lòt la atè pou pran plas li epi konsantre tout pouvwa anba men yo. Divizyon chen manje chen sa a louvri pòt la pi laj pou enjerans etranje ranfòse sou peyi a. Sa anpeche tabli bon kondisyon pou pwosesis elektoral ki te kòmanse a rive nan bout li san magouy, koripsyon, dezòd ak vyolans pa gate l.

 

Siklòn Matye a ravaje 17 basen vèsan nan Grandans, Sid ak Nip sou 30 basen vèsan peyi a genyen ; li atake 2 pi gwo rezèv ekolojik ki gen nan peyi a epi li sakaje rivaj bò lanmè ak bò larivyè nan zòn afekte yo. Se premye fwa anviwonnman peyi ki deja fini degrade sibi nan 2 jou yon gwo chòk konsa. Jiskaprezan 4 prinsipal ministè - Anviwònman, Agrikilti, Planifikasyon ak Enteryè- ki gen responsablite amenajman teritwa a ak pwoteje anviwònman an poko janm di ki mezi prese prese y ap pran sou katastwof ekolojik sa a, ni ki plan mwayen ak lontèm yo pral devlope pou reyabilite anviwònman rejyon ki afekte yo.

 

Sitiyasyon malouk peyi a ap viv jodi ekzije pou tout patriyòt ranmase karaktè yo e foure pye yo pi fon nan batay ki makonnen mobilizasyon manch kout ak mobilizasyon manch long pou pwoteje dwa ak enterè popilasyon ki pi vilnerab yo pandan goumen pou chanje sosyete  ap vanse. Nan sans sa a, òganizasyon pwogresis ak patriyotik yo ki makonnen ak kòz pèp la dwe ransfòse inite nan mitan yo, pou :

 

  • Fè gouvènman an, òganis entènasyonal yo ak ONG imanitè yo respekte dwa viktim yo nan distribisyon èd imanitè a ;
  • Fè lajan Leta ranmase nan Fon ijans lan rive jwenn tout bon vre popilasyon ki viktim yo ;
  • Rete vijilan pou kriz sa a ak deplasman popilasyon an pa sèvi opòtinite pou pran tè yo pou remèt bay gwo antrepriz miltinasyonal ak gwo biznisman bò isi ;
  • Rete vijilan pou yo pa pwofite sèvi ak kriz la pou kouvri rejyon ki frape yo ak semans OGM ki vin detwi pi rèd agrikilti familyal peyizànri a ;
  • Batay pou Nasyonzini dedomaje kòmsadwa tout viktim kolera e pou Leta pran tout mezi ki nesesè pou moun pa kontinye mouri a koz maladi sa a ;
  • Batay pou pouvwa a, konsèy elektoral pwovizwa a ak aktè politik tradisyonèl yo, sou enfliyans pisans etranje yo, pa kouri fè yon eleksyon bouyivide bridsoukou ki mete sou kote depatman ki pi afekte yo ;
  • Batay pou Leta tabli yon politik lojman konsekanak yon plan serye pou reyabilitasyon anviwònman nan rejyon ki frape yo ;
  • Batay pou repran endepandans peyi a anba grif peyi malfini yo ;
  • Batay pou tabli yon Leta granmoun ki nan sèvis mas popilè yo, ki amenaje teritwa a, devlope pwodiksyon nasyonal la epi ki gen kapasite estratejik pou defann peyi a ak pwoteje popilasyon an ;
  • Avanse nan konstriksyon Tribinal Popilè a kòm zouti pou kreye inite nan mitan fòs demokratik, patriyotik ak popilè yo e pou devlope konsyans patriyotik mas yo.

 

“ Viv yon Ayiti ki granmoun tèt li! Viv lit pèp Ayisyen! Aba tout fòm okipasyon/dominasyon ! ”

Pòtoprens, 5 novanm 2016

Pou asanble delege òganizasyon ak enstitisyon nan mouvman sosyal la k ap pote Tribinal Popilè a :

 

Pou òganizasyon ak enstitisyon nan Nòdès yo, Marcel Mathieu...............................................................

Pou òganizasyon ak enstitisyon nan Nò yo, Clotilde Raymond ................................................................

Pou òganizasyon ak enstitisyon nan Nòdwès yo, Louissaint Clévoyant...................................................

Pou òganizasyon ak enstitisyon nan Latibonit yo, Joseph Bellanton Junior .............................................

Pou òganizasyon ak enstitisyon nan Sant yo, Vulgar Jacques ......................................................................

Pou òganizasyon ak enstitisyon nan Lwès yo, Pegy Noël ............................................................................

Pou òganizasyon ak enstitisyon nan Sidès yo, Colin Raneau ......................................................................

Pou òganizasyon ak enstitisyon nan Nip yo, Dieumane Nicolas ................................................................

Pou òganizasyon ak enstitisyon nan Sid yo, Marie Nadège Aubourg .........................................................

Pou òganizasyon ak enstitisyon nan Grandans yo, Neslie François ...........................................................

Pou Mouvman Patriyotik Demokratik Popilè-MPDP, Ernst Mathurin .......................................................

Pou Komite Pilotaj ak Kòdinasyon Tribinal Popilè a, Freud Jean ................................................................

 

 

Commenter cet article

Archives

Nous sommes sociaux !

Articles récents